

Fondasyon Ginen
Child-friendly spaces




Above: renderings of the design for the library. Anwo: desin sou dizay bibliotek lan.
YON ESPAS POU TIMOUN.
Sa fè 6 mwa depi nou te jwen ke youn nan volontè ke nou genyen nan Pak Nan Ginen yo te nan gwo difikilte pou li te achte liv lekol li. Nou te deside pou nou te achte liv ak valiz pou li pou ane a li te vini anviwon 50 dola amerikan nan Okap. Sa te pouse nou pou nou te panse « Koman yon peyizan ap fè jwen kom pou achte liv pou piti yo. Sa te posue nou panse pou nou mete yon bibliyotèk nan Pak la ki pou prete elèv yo liv key o ap bezwen pou ane lekol yo. Le nou tap panse ak libreri a li tap pouse nou tou wè Pak Nan Ginen kom yon espas ke ka plis bon pou timoun, ki ka ankouraje timoun aprann sou anviwonman yo.
Ide nou pou ane 2017 la se pou konstri bagay sa yo :
-Yon Bibliyotèk ki genyen liv edikatif sivik, anviwonman ak tout liv ke lekol ki nan zon nan mande yon manyè pou nou ka prete elèv ke paran yo paka achte pou yo.
-Yon ti espas ke timoun ka jwe
-Yon espas fotbal
Mesi pou lajan ke nou jwen nan pollination Project ak Mcknight foundation ak ed Future Generations Haiti. Nou leve ase lajan pou nou konstri kay pou bibliyotèk la. Noua p bezwen èd tout moun nan lespri konbit nou ka ka ranpli bibliyotèk la ak liv.
Si ou ta renmen fe yon donasyon tanpri kontakte nou e si ou ta renmen kontribiye lajan pou achte liv tanpri klike sou bouton donasyon an .