top of page

The Naming Project / Pwoje Bay Non

Robi did not just want to plant a forest, but to plant an educational forest. He wanted people, especially young people, to connect trees with a sense of history and respect. So not only did Robi and his team plant over a hundred trees, but almost every single one is tagged with the name and story of someone important. Some of them are Haitian heroes - Sanite Belair, Jean Jacques Dessalines, Charlemagne Peralte -and some of them were global symbols of peace and social change - Mahatma Gandhi, Nelson Mandela, Aung Sung Suu Kyi. Still others were closer to home, and were planted in the memory of family members of people connected with the park who had passed away. So the forest was at once a park, a museum, and a memorial that community members could walk through and learn from. 

 

Robi pa te selman vle plante yon fore - men pou li plante yon fore edikasyonel. Li te vle tout moun, sitou jen moun, pou yo konekte pye bwa ak yon sans listwa ak respe. Robi ak ekip li te plante plizye sentenn pye bwa, men preske chak genyen yon etiket ki genyen non ak listwa yon moun enpota. Kek nan yo se ewo Ayisyen yo - Sanite Belair, Jean Jacques Dessalines, Charlemagne Peralte - e kek se senbol lape ak chanjman nan mond lan - Mahatma Gandhi, Nelson Mandela, Harriet Tubman. Genyen lot ki pesonel - se fanmi ak zanmi moun nan zon nan ki mouri, e moun plante pye bwa nan memwa yo. Sa vle di, fore a se yon pak, yon mize, e yon memoryal vivan kote moun kapab mache e tou aprann. 

 

The following are some of the Haitian and global heroes who have trees planted in their honor at Pak nan Ginen:

Anba nou ap jwenn kek nan ewo Ayisyen ak ewo global ki genyen pye bwa nan Pak Nan Ginen ki pote non yo:

Haitian heroes / Ewo Ayisyen

Jean Jacques Dessalines

Dessalines se fondate peyi Dayiti, se li ki te genyen revolisyon pou endepans Ayiti nan 1804 e li te premye prezidan Ayiti.

 

Dessalines is the founding father of Haiti. He won the Haitian revolution for independence in 1804, and was the first president of Haiti.

Sanite Belair

Belair se te yon solda fanm nan lame endijen. Li se yon fanm vayan ki montre anpil kouraj sou chan batay. 

 

Belair was a female soldier in the revolutionary army. She was a soldier who showed great courage on the battlefield. 

Toussaint Louverture

Toussaint te premye jeneral lame endijen, se li ki te prepare revolisyon endepandans Ayiti.  Li mouri nan prizon lafrans.

 

Toussaint was the first general of the revolutionary army, and he launched the war for independence. He died in a French prison.

Neg Mawon

Neg Mawon senbolize libete, li senbolize tout esklav ki chape pou viv nan mon, li senbolize premye solda endijen yo.

 

Neg Mawon is a symbol of liberty, of all of the slaves who escaped into the mountains, and of the first soldiers in the rebel army. 

Charlemagne Peralte

Peralte se yon nan moun ki te lide nan batay kont okipasyon Ameriken nan 1915. Lame li a te rele 'Kako', e li mouri sou chan batay.

 

Peralte was the leader of the battle against the American occupation of 1915. His rebel army was called 'Cacos' and he died in battle.

Jean Dominique

Jean Dominique se te yon agwonom e yon jounalis Ayisyen ki te konbat kont diktate, e li se premye moun ki fe emisyon nan Kreyol.

 

Jean Dominique is a Haitian journalist who fought against dictatorships. He was the first person to broadcast in Haitian Creole. 

Dutty Boukman

Boukman se yon pret voudou ki te sot Jamayik, e se li ki te lanse revolisyon Ayisyen ak seremoni Bwa Kayiman nan 1791. 

 

Boukman was a voudou priest who came from Jamaica, and he launched the Haitian Revolution in 1791 with the Bwa Caiman ceremony.

Anacaona

Anacaona se te ren pep Taino ki te premye pep endijen sou zile a. Li te batay anpil kont kolonizasyon, e li mouri pou sa. 

 

Anacaona was a queen of the Tainos, who were the indigenous people on the island. She fought against colonization and died in battle.

Cecile Fatiman

Cecile te yon mambo ki te mene seremoni Bwa Kayiman nan ane 1791 ak Dutty Boukman ki te lanse Revolisyon Ayisyen.

 

Cecile was a voudou priestess who presided over the Bwa Kayiman ceremony with Dutty Boukman, which launched the Haitian Revolution

Catherine Flon

Catherine Flon se te fanm ki te koud drapo Ayisyen nan Me 1803 nan Akaye. Pou sa, moun rele li Manman Ayiti.

 

Catherine Flon was the woman who sewed the first Haitian flag in May of 1803. Because of this, she is known as the mother of Haiti. 

Odette Roy Fombrun

Odette Fombrun se yon entelektyel Ayisyen ki batay anpil pou moun valorize 'konbit'. Se ewo pesonel Robi.

 

Odette Fombrun is a Haitian intellectual who fought for people to recognize the value of konbit. She is Robi's personal hero.

Harry Nicholas

Harry, ou 'Met Fey Vet', se yon moun ki fe anpil pwomosyon pou kilti lakay. Se li ki te oganize Kita Nago, yon senbol pou inite Ayisyen.

 

Harry, or 'Met Fey Vet', is a great promoter and advocate for local production. He organized Kita Nago, which is a symbol of Haitian unity. 

Global heroes / Ewo Global

Nelson Mandela

Mandela se moun ki te lide nan batay kont sistem rasis nan peyi Afrik di Sid, e li vin premye prezidan ki eli demokatikman.

 

Mandela was the leader of the anti-apartheid movement in South Africa, and become its first democratically elected president.

Wangari Maathai

Wangari se te yon aktivis fanm nan Kenye ki mene yon kanpay rebwazman.  Li se premye fanm Afriken ki resevwa Prim Nobel pou Lape.

 

Wangari was a Kenyan activist who launched a large reforestation campaign. She was the first African woman to receive the Nobel Peace Prize.

Rigoberta Menchu Tim

Rigoberta se yon fanm endijen nan peyi Gwatemala, e li se yon aktivis pou dwa pep endijen. Li resevwa Prim Nobel pou Lape.

 

Rigoberta is an indigenous woman in Guatemala who fights for the rights of her people. She received the Nobel peace Prize.

Martin Luther King Jr

MLK se te yon paste nwa ki te batay kont rasis Ozetazini nan ane 1960 yo. Li se yon senbol rezistans sans vyolans.

 

MLK was an African America pastor who fought against racism in the 1960s. He is a symbol of non-violent civil resistance. 

Mohandas Gandhi

Gandhi se yon lide Endyen ki te mennen pep li sou wout revolisyon san vyolans kont kolonizasyon. Li se yon senbol lape ak chanjman sosyal. 

 

Gandhi was an Indian leader who led his people through a non-violent revolution against colonialism. He is a symbol of peace and social change.

BR Ambedkar

Ambedkar te yon moun ki fet nan klas sosyal ki pa ba nan peyi End. Se li ki te ekri Konstitisyon End, ki te aboli diskriminasyon kont klas sosyal li a.

 

Ambedkar was born into the 'Untouchable' caste in India. He wrote the Indian Constitution, which abolished descrimination against his caste.

Masanobu Fukuoka

Masanobu te yon kiltvate e filozof Japonez ki fe promosyon pou agrikilti natirel. Li te kwe se lanati ki pi bon kiltivate e lom sipoze travay ak li, pa kont li.

 

Masanobu is a Japanese farmer/philosopher who promoted natural agriculture. He believed that nature is the best farmer and people should work with it, not try to work against it.  

Paul Robeson

Paul te 3em moun nwa ki aksepte nan Inivesite Ruters. Li vin yon atlet, yon chante, yon akte, e yon avoka. Li se yon aktivis pou dwa moun Ozetazini. 

 

Paul was the third black student to be accepted to Rutgers University. He became an actor, singer, athlete, and lawyer. He was an activist for civil rights in the USA.

Marcus Garvey

Se te yon militant ak filosof nwa ki te fondatè ide “Pan-Africanism” ki se koman tout pep nwa ta sipoze inifye tet yo pou yo ka gen vre pwisans.

 

A black philosopher who founded the ide of Pan-Africanism, which was a philosophy about how black people around the world could unify. 

Katherine Dunham

Katherine se te yon danse e anthwopolog Ameriken ki te vin fe anpil etid sou dans voudou Ayisyen. Li fonde chanje dans moden pou tout tan.

 

Katherine was a dancer and anthropologist who studied voudou dance in Haiti, and she permanently changed the face of modern dance. 

Lilla Watson

Lilla fe yon pati yon tribi endijen nan Ostrali, e li batay anpil kont deskriminasyon.  Li itilize art, edikasyon, ak pledwaye pou avanse koz li.

 

Lilla is from an aboriginal community in Australia, and she uses art, education, and advocacy to fight descrimination. 

Malcolm X

Malcolm X te yon gwo aktivis pou dwa mou nwa Ozetazini nan ane 1960 yo. Li te ankouraje moun pou goumen pou libete 'nempot kijan yo kapab'.

 

Malcolm X was an activist for the rights of block people in the US in the 1960s. He encouraged people to fight for their rights 'by any means necessary'.

 

 

Paolo Friere

Friere te yon filozof Brazilyen ki te yon apwoch revolisyone sou edikasyon. Pou li menm, alfabetizasyon se baz chanjman sosyal.

 

Friere was a Brazilian philosophy that had a revolutionary approach to education. To him, literacy was the basis of social change. 

Chiune te yon diplomet Japones ki nan peyi Lithweni padon peryod 2em Ge Mondyal. Li te riske lavi li pou ekri visa pou 6,000 Jwif pou pemet yo chape avan Almay yo te touye yo.

 

Chiune was a Japonese diplomet in Lithuania during WWII. He risked his life to write visas for 6,000 Jews that helped them escape the Nazis.

Chiune Sugihara
Frederick Douglas

Douglas te fet esklav Ozetazini ki vin libere e vin yon nan pi gwo aktivis e entelektyel kont esklavaj. 

 

Douglas was born a slave in the US but become free and was one of the greatest intellectuals and activists against slavery. 

Helen Keller

Helen se te yon fanm ki pa te kapab we, tande, ou pale, men li simonte gwo obstak pou vini yon ekrivan e yon aktivis pou dwa moun andikape.

 

Helen was a women who was deaf, blind, and mute, but she overcame the odds to become a writer and great activist for people of all abilities. 

 

 

If you have ideas about other people we should plant trees for, please fill out the contact form on the right with the name of the person, and what they have contributed to positive social change at a local or global scale.

 

Si ou genyen yon ide sou lot moun nou ta sipoze plante pye bwa nan non yo, tanpri ranpli fom kontak sou men dwat la. Bay nou non moun nan, e kisa yo te fe pou kontribiye ak chanjman pozitif nan yon nivo lokal ou global.

Grace Lee Boggs

Grace te pitit yon imigran Chinwaz ki te fet Ozetazini, e li te yon gwo aktivis pou fwa pep majinalize. Li se yon ewo nan Detroit.

 

Grace was the daughter of Chinese immigrants to the US, and fought for the rights of marginalized people. She is a hero in Detroit. 

Aung Sung Suu Kyi

Aung Sung Suu Kyi se yon ewo pou demokrasi nan peyi Burma. Rejim diktate Burma te mete li nan prizon pou anpil ane, men li pa sispan batay li.

 

Aung Sung Suu Kyi is a hero for the democratic movement in Burma. The dictatorship in Burma had her under house arrest for many years, but she hasn't stopped her battle.

Your details were sent successfully!

bottom of page